Nan yon deklarasyon fò, ansyen Prezidan Dominiken *Leonel Fernández* denonse depòtasyon fanm ayisyèn ansent, li rele sa yon zak ki pa imèn. Li lanse yon apèl bay Prezidan *Luis Abinader* pou li reflechi sou konsekans aksyon sa yo.
An menm tan, *Tribunal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn* mande bay nasyonalite a 32 desandan ayisyen ki te viktim dekrè diskriminatwa ki soti depi epòk *Danilo Medina* rive jiska gouvènman Abinader.
Videyo sa a analize konsekans politik ak imanitè desizyon sa yo sou relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
#LeonelFernandez #LuisAbinader #AyisyenRD #TribunalKonstitisyonèl #Depòtasyon #AyitiRD
source